Bay pou beni.
Jean ak Deny sot patisipe nan aktivite a. Yo sou wout lan, yo kontan anpil. Youn ap di lot koman yo pral chanje sitiyasyon finansye yo.
Pandan y’ap vanse pou rive bo lakay yo, yo kwaze ak fre Amos ki fenk sot nan jen, ki ap achte bwason ak dlo pou madanm li. Mesye yo te swaf anpil, yo mande l yon ti dlo. Fre Amos ba yo pawol pou jiskaske li pa bay yo dlo a. Sa pa choke mesye yo, paske yo konnen ke fre Amos ak madanm li se fanmi ki chich anpil. Yo envite fre Amos nan dezyem jou aktivite a. Yo reprann wout yo, men konvezasyon yo te diferan. Youn ap mande lot eske yon kretyen ta dwe chich?
Ouvraj sa se dezyem ouvraj pami 7 ouvraj k’ap soti, ki rakonte eksperyans Jean ak Deny gras ak yon aktivite, ki pral we vi yo antanke kretyen yon lot jan.
Premye ouvraj la se: Amelyore sante finansye w. Li disponib sou sit lan.
Avis
Il n’y a pas encore d’avis.